-
Jenèz 39:7, 8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 Annapre, madanm mèt Jozèf la te kòmanse gen je sou Jozèf, e li te di l: “Kouche avè m.” 8 Men, Jozèf pa t dakò e li te di madanm mèt li a: “Mèt mwen pa bay tèt li pwoblèm pou anyen k ap pase nan kay la e li ban m responsab tout sa l genyen.
-
-
Detewonòm 13:6-8Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 “Si yon frè nou, pitit manman nou, yon pitit gason nou oswa yon pitit fi nou, madanm nou nou renmen anpil oswa pi bon zanmi nou* ta chèche pran tèt nou an sekrè, e l ta di nou: ‘Ann al sèvi lòt dye+’, yon seri dye ni nou menm ni zansèt nou yo pa t konnen, 7 yon seri dye pèp ki toutotou nou yo ap sèvi, pèp ki toupre nou oswa ki lwen nou, kèlkeswa kote yo soti nan peyi a, 8 nou pa dwe dakò avè l, nou pa dwe koute l+, nou pa dwe gen pitye pou li, nou pa dwe gen konpasyon pou li, ni nou pa dwe pwoteje l.
-