BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jenèz 33:12-14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Apre sa, Ezaou di: “Ann kite zòn nan pou n ale, kite m pran devan w.” 13 Men, Jakòb di l: “Mèt mwen, ou konnen timoun yo frajil+, epitou mwen dwe pran swen mouton ak bèf ki gen pitit yo. Si m al twò vit ak yo yon sèl jou, tout twoupo a ap mouri. 14 Tanpri, mèt mwen, ou mèt pran devan sèvitè w la. Mwen menm, m ap kontinye vwayaj la pi dousman, jan twoupo m yo ak timoun yo ka mache, jiskaske m rive Seyi, lakay mèt mwen an+.”

  • Egzòd 23:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 “Nou dwe travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a, nou dwe sispann travay, yon fason pou towo bèf nou ak bourik nou ka repoze e pou pitit esklav nou yo ak etranje k ap viv nan mitan nou yo ka pran yon ti souf+.

  • Detewonòm 22:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 “Si nou wè yon frè nou gen yon bourik oswa yon towo bèf ki tonbe sou yon wout, nou pa dwe fè kòmsi nou pa wè sa. Nou dwe ede l leve bèt la san mank+.

  • Detewonòm 22:10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 10 “Nou pa dwe met yon towo bèf ak yon bourik ansanm pou vire tè nou+.

  • Detewonòm 25:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 4 “Nou pa dwe met baboukèt pou yon towo bèf k ap bat manje angren+.

  • Jonas 4:11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 11 Èske mwen menm tou, mwen pa ta dwe gen pitye pou Niniv, gwo vil la+, yon vil ki gen plis pase 120 000 moun ladan l ki pa menm konn sa ki byen ak sa ki mal*, san konte pakèt bèt ki ladan l yo+?”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje