BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 2:22-25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Eli li menm te vin granmoun anpil. Li te aprann tout sa pitit gason l yo t ap fè tout pèp Izrayèl la+ e jan yo te konn kouche ak fi ki t ap fè sèvis nan antre tant reyinyon an+. 23 Li te konn di yo: “Poukisa nou kontinye ap fè bagay sa yo? Paske bagay mwen tande tout pèp la ap di sou nou yo se bagay mal. 24 Non, pitit gason m yo. Pawòl mwen tande y ap di sou nou pami pèp Jewova a pa bon. 25 Si yon moun ta peche kont yon lòt moun, yon moun ka sipliye Jewova pou li*. Men, si yon moun ta peche kont Jewova+, kiyès ki ka priye pou li?” Mesye yo te refize koute papa yo, se sa k fè Jewova te pran desizyon pou l touye yo+.

  • 1 Samyèl 8:1-3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Twouve, lè Samyèl te vin granmoun, li te fè pitit gason l yo vin jij ann Izrayèl. 2 Premye pitit gason l lan te rele Jowèl e dezyèm nan te rele Abija+. Yo t ap sèvi kòm jij nan Beyècheba. 3 Men, pitit gason l yo pa t suiv egzanp li. Yo te renmen chèche avantaj nan move kondisyon+, yo te konn aksepte kado anba anba+ e yo te konn fè magouy lè y ap jije+.

  • 2 Samyèl 15:14
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Menm kote a, David di tout sèvitè l yo ki te ansanm avè l Jerizalèm: “Leve, ann kouri ale+ paske nou youn pap ka chape anba men Absalon! Fè vit, pou l pa rive sou nou byen rapid, pou l pa fè yon malè sou nou e pou l pa touye moun nan vil la ak kout epe+!”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje