BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Sòm 49:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Pa gen youn nan moun ki met konfyans yo nan richès+,

      K ap fè grandizè poutèt yo rich anpil+,

       7 K ap janm kapab delivre yon frè l,

      Oubyen ki kapab bay Bondye yon ranson pou li+

  • Pwovèb 11:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 Richès* pap itil yon moun anyen nan jou kòlè a+,

      Men, se sa ki dwat yon moun fè k ap delivre l anba lanmò+.

  • Jeremi 9:23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 23 Men sa Jewova di:

      “Pinga moun ki saj la vante tèt li poutèt sajès li genyen+,

      Pinga moun ki gen fòs la vante tèt li poutèt fòs li genyen,

      E pinga moun ki rich la vante tèt li poutèt richès li genyen+.”

  • Lik 12:19-21
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Apre sa, m ap di tèt mwen*: “Ou* gen anpil bon bagay la a nan depo pou anpil ane. Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.”’ 20 Men, Bondye di li: ‘Egare! Aswè a menm y ap mande w vi w*. Bon, bagay ou sere yo, pou kiyès y ap ye+?’ 21 Se konsa sa ye pou moun k ap sere trezò pou tèt li, men ki pa rich nan je Bondye+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje