BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Samyèl 15:22, 23
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 22 Lè sa a, Samyèl di: “Èske plezi Jewova pran lè moun obeyi sa Jewova di se menm plezi sa a li pran nan sakrifis yo boule nèt ak nan lòt kalite sakrifis+? Gade! Obeyi gen plis valè pase fè sakrifis+, epi koute gen plis valè pase ofri grès+ mal mouton. 23 Paske, yon moun ki fè rebèl+ se menm bagay ak yon moun ki fè divinò+, e yon moun ki pran yon dwa ki pa pou li menm jan ak yon moun ki fè maji e ki adore zidòl*. Piske w te rejte pawòl Jewova+, ebyen li rejte w pou w pa wa ankò+.”

  • Oze 6:6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Paske, se lanmou ki fidèl ki fè m plezi, se pa sakrifis.

      Se konesans sou Bondye ki fè m plezi, se pa sakrifis yo boule nèt+.

  • Miche 6:7, 8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Èske Jewova ap kontan si m ofri l plizyè milye mal mouton?

      Èske se plizyè dizèn milye rivyè luil pou m ofri l+?

      Èske se premye pitit gason m pou m ba li pou rebelyon m nan?

      Èske se fwi zantray mwen pou m bay pou peche m* fè+?

       8 Ou menm lòm, Jewova fè w konnen sa ki bon.

      E ki sa li mande w pou w fè*?

      Èske se pa pou w fè sa ki dwat*+, pou w renmen fidelite*+,

      Epi pou w mache avèk Bondye w la+ toutpandan w rekonèt limit ou*+?

  • Matye 12:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Men, si nou te konprann sa sa vle di: ‘Se mizèrikòd mwen vle+, se pa sakrifis+’, nou pa t ap kondane moun ki inosan.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje