BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Pwovèb 6:6-11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Al kot foumi yo, ou menm, parese+.

      Gad ki jan yo travay pou w ka vin gen sajès.

       7 Aktout yo pa gen ni kòmandan, ni chèf, ni moun k ap dirije yo,

       8 Yo sere manje nan sezon chalè+,

      E nan sezon rekòt, yo rasanble manje y ap bezwen.

       9 Ou menm parese, pandan konbyen tan w ap ret kouche la a?

      Ki lè w ap leve nan dòmi?

      10 Lè w ret ap fè yon ti dòmi, ou ret ap fè yon ti kabicha,

      Ou kwaze bra w pou w pran yon ti repo+,

      11 Enben, lamizè ap vin sou ou tankou yon bandi.

      W ap vin tèlman nan nesesite, se kòmsi se yon moun ak zam ki vin atake w+.

  • Pwovèb 13:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 Moun ki parese a anvi anpil bagay, poutan li* pa gen anyen+,

      Men, moun* ki renmen travay la ap gen tout sa l bezwen*+.

  • Pwovèb 19:24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 Parese a foure men l nan yon bòl manje,

      Men, li pa menm vle leve men l met nan bouch li+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje