19 Apre sa, m ap di tèt mwen*: “Ou* gen anpil bon bagay la a nan depo pou anpil ane. Pran lèz kò w, manje, bwè, epi pran plezi w.”’ 20 Men, Bondye di li: ‘Egare! Aswè a menm y ap mande w vi w*. Bon, bagay ou sere yo, pou kiyès y ap ye+?’
13 Kounye a, tande non, nou menm k ap di: “Jodi a oswa demen, nou pral nan tèl vil, n ap pase yon ane la, n ap fè biznis e n ap fè benefis+.” 14 Nou pa menm konnen sa k ap rive nou demen+, piske nou se yon vapè ki parèt pou yon ti tan e apre ki disparèt+.