-
1 Samyèl 15:13-15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Lè Samyèl resi jwenn Sayil, Sayil di l: “Mwen swete pou Jewova beni w! Mwen te fè sa Jewova te di a.” 14 Men, Samyèl di l: “Ki bri mouton ak bri bèf m ap tande la a+?” 15 Lè sa a, Sayil di: “Sòlda m yo te pran yo nan tèritwa moun Amalèk yo mennen isit la, paske yo pa t touye* pi bèl mouton yo ak pi bèl bèf yo, yo te pran yo pou yo fè sakrifis pou Jewova, Bondye w la. Men, nou te detwi tout sa k te rete yo.
-