BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 41:7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  7 Konsa, atizan an ankouraje òfèv la+.

      Bòs fòjon k ap plati metal ak mato a

      Ankouraje moun k ap plati metal sou fè ki la pou sa a.

      Li wè soudi bòs la fè a, li di: “Sa a bon.”

      Apre sa, yo kloure estati a byen kloure pou l pa tonbe.

  • Ezayi 46:6, 7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Gen moun ki pran pakèt lò yo gen nan bous yo,

      Yo peze ajan nan balans,

      Yo peye yon òfèv pou l fè yon dye avè l pou yo+,

      Apre sa, yo koube devan l. Wi, yo adore l*+.

       7 Yo leve l met sou zepòl yo+,

      Yo pote l met nan plas li, epi, li rete la.

      Li pa deplase kote yo mete l la+.

      Yo rele nan pye l, li pa reponn.

      Li pa ka delivre pèsonn nan malè+.

  • Jeremi 10:3, 4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  3 Paske, koutim pèp sa yo pa vo anyen.

      Yo koupe yon pyebwa nan yon rakbwa,

      Epi yo bay yon bòs atizan travay li ak zouti* l pou l fè yon zidòl+.

       4 Apre sa, yo kouvri l avèk ajan ak lò+,

      Yo pran mato ak klou, epi yo kloure l yon kote pou l pa tonbe+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje