54 “Ou menm madanm ki pa t janm fè pitit la, se pou w rele tèlman w kontan+!
Se pou w kontan e se pou w rele tèlman w kontan+, ou menm ki pa t janm gen doulè tranche+!
Paske, madanm mari l rejte l la gen plis pitit
Pase madanm ki gen mari a+.” Se sa Jewova di.
2 “Fè tant ou an vin pi laj+.
Laji twal gwo tant ou an.
Pa met okenn limit. Fè kòd tant ou yo vin pi long,
E fè pikèt tant ou yo vin djanm+.