6 Epi li di m: “Yo reyalize! Mwen se Alfa ak Omega*, kòmansman an ak finisman an+. Nenpòt moun ki swaf, m ap ba l dlo ki soti nan sous* dlo lavi a gratis*+.
17 Epi, lespri a ak lamarye a+ pa sispann di: “Vini!” Tout moun ki tande sa, se pou yo di: “Vini!” Se pou tout moun ki swaf vini+. E se pou tout moun ki vle, pran dlo lavi a gratis+.