-
Jeremi 33:25, 26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
25 “Men sa Jewova di: ‘Menm jan mwen pap janm kraze alyans mwen fè konsènan lajounen e konsènan lannuit lan+, e mwen pap janm aboli lwa mwen mete pou kontwole syèl la ak tè a+, 26 se konsa tou mwen pap janm voye desandan Jakòb yo* ak desandan David, sèvitè m nan, jete pou m pa ta chwazi dirijan pami desandan David yo* pou dirije desandan Abraram, Izarak ak Jakòb yo*. M ap rasanble sa ki prizonye yo+, m ap fè yo tounen, m ap gen pitye pou yo+.’”
-