BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 2:3, 4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  3 Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:

      “Vini, annou monte sou mòn Jewova a,

      Ann al kay Bondye Jakòb la+.

      L ap fè nou konnen wout li yo,

      E n ap mache nan chemen l yo+.”

      Paske, lalwa* ap soti Siyon,

      E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+.

       4 Bondye ap aji antanke jij nan mitan nasyon yo

      E l ap met lòd* nan mitan anpil pèp.

      Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè

      E y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt+.

      Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò,

      E yo pap aprann fè lagè ankò+.

  • Ezayi 11:6-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  6 Lou ap rete pandan yon tan bò kot ti mouton+.

      Leyopa ap ret kouche ansanm ak jenn kabrit.

      Ti bèf ak lyon* ansanm ak bèt ki byen gra, yo tout ap ansanm*+,

      E se yon tigason k ap mennen yo.

       7 Gazèl bèf ak lous ap manje ansanm,

      E pitit yo ap kouche ansanm.

      Lyon ap manje pay tankou towo bèf+.

       8 Timoun ki nan tete ap jwe sou twou kobra,

      E timoun ki sevre ap mete men yo sou bouch twou sèpan ki gen pwazon.

       9 Yo pap fè okenn mal+,

      Ni okenn ravaj okenn kote sou mòn mwen an ki sakre+,

      Paske, san mank, tè a pral plen konesans sou Jewova

      Menm jan lanmè a plen dlo+.

  • Miche 4:2
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  2 Moun nan anpil nasyon va ale e yo va di:

      “Vini, annou monte sou mòn Jewova a,

      Ann al nan kay Bondye Jakòb la+.

      L ap fè nou konnen wout li yo,

      E n ap mache nan chemen l yo.”

      Paske, lalwa* ap soti Siyon,

      E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje