Ezayi 2:3 Labib — Tradiksyon monn nouvo a 3 Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:“Vini, annou monte sou mòn Jewova a,Ann al kay Bondye Jakòb la+.L ap fè nou konnen wout li yo,E n ap mache nan chemen l yo+.”Paske, lalwa* ap soti Siyon,E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+. Ezayi 25:6 Labib — Tradiksyon monn nouvo a 6 Nan mòn sa a*+, Jewova, Chèf lame yo, ap fè yon gwo resepsyon pou tout pèp yo,Yon resepsyon ki gen bon manje+,Yon resepsyon ki gen bon diven*,Ki gen bon manje ak vyann ki chaje ak mwèl,E ki gen diven bon kalite yo kite byen poze. Ezayi 52:1 Labib — Tradiksyon monn nouvo a 52 Leve! Leve! Met kouraj sou ou+, o Siyon+!Abiye ak bèl rad ou genyen yo+, o Jerizalèm, vil ki sen an.Paske, moun ki pa sikonsi e ki pa pwòp* yo pap antre lakay ou ankò+. Jeremi 3:17 Labib — Tradiksyon monn nouvo a 17 Nan epòk sa a, moun ap rele Jerizalèm twòn Jewova a+. Tout nasyon yo ap reyini ansanm nan Jerizalèm pou yo onore non Jewova+. Y ap sispann fè tèt di e y ap sispann suiv kè yo ki mechan.”
3 Epi, moun nan anpil pèp va ale e yo va di:“Vini, annou monte sou mòn Jewova a,Ann al kay Bondye Jakòb la+.L ap fè nou konnen wout li yo,E n ap mache nan chemen l yo+.”Paske, lalwa* ap soti Siyon,E pawòl Jewova a ap soti Jerizalèm+.
6 Nan mòn sa a*+, Jewova, Chèf lame yo, ap fè yon gwo resepsyon pou tout pèp yo,Yon resepsyon ki gen bon manje+,Yon resepsyon ki gen bon diven*,Ki gen bon manje ak vyann ki chaje ak mwèl,E ki gen diven bon kalite yo kite byen poze.
52 Leve! Leve! Met kouraj sou ou+, o Siyon+!Abiye ak bèl rad ou genyen yo+, o Jerizalèm, vil ki sen an.Paske, moun ki pa sikonsi e ki pa pwòp* yo pap antre lakay ou ankò+.
17 Nan epòk sa a, moun ap rele Jerizalèm twòn Jewova a+. Tout nasyon yo ap reyini ansanm nan Jerizalèm pou yo onore non Jewova+. Y ap sispann fè tèt di e y ap sispann suiv kè yo ki mechan.”