17 Yo te tounen e yo te rete nan otèl Kimam nan, toupre Betleyèm+. Yo te gen entansyon al ann Ejip+ 18 akoz moun Kalde yo. Paske, yo te vin pè moun Kalde yo akoz Izmayèl, pitit gason Netànya a, te touye Gedalya, pitit gason Ayikam nan, alòske se wa Babilòn nan ki te mete l chèf peyi a+.