BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 2 Wa 25:8-10
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Nan senkyèm mwa a, nan setyèm jou nan mwa a, sa vle di, nan 19yèm ane rèy Nebikadneza, wa Babilòn nan, Nebouzaradan+, chèf gad yo, sèvitè wa Babilòn nan, vin Jerizalèm+. 9 Li boule kay Jewova a+, kay* wa a+ ak tout lòt kay ki nan Jerizalèm yo+. Li boule kay tout moun nan vil la ki te gen gwo pozisyon yo+. 10 Apre sa, lame moun Kalde yo ki te avèk chèf gad yo kraze miray ki antoure Jerizalèm yo+.

  • 2 Kwonik 34:24, 25
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 “Men sa Jewova di: ‘Mwen gen pou m lage yon malè sou vil sa a ak moun k ap viv ladan l yo+, wi, tout malediksyon ki ekri nan liv+ yo te li devan wa Jida a. 25 Kòm yo abandone m+ e y ap boule sakrifis pou lòt dye yon fason pou yo fè m fache+ nan tout sa y ap fè, m ap an kòlè anpil kont vil sa a e kòlè sa a pap desann+.’”

  • 2 Kwonik 36:16, 17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Men, yo te konn pase moun vrè Dye a te voye yo nan jwèt+, yo te meprize sa l te voye di yo a+ e yo te pase pwofèt li yo nan rizib+ jiskaske pa t gen espwa pou pèp la jwenn gerizon ankò, jiskaske Jewova te vin an kòlè anpil kont pèp li a+.

      17 Se sa k fè li te fè wa moun Kalde yo+ vin atake yo. Wa a te touye jèn gason yo ak kout epe+ nan tanp lan+. Li pa t gen pitye ni pou jèn gason, ni pou vyèj, ni pou granmoun ni pou moun ki enfim+. Bondye te lage tout bagay nan men l+.

  • Lamantasyon 2:4
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    •  4 Li detire* banza* l tankou yon ènmi. Li ranje men dwat li tankou yon advèsè+.

      Li kontinye touye tout moun ki te gen valè nan je moun+.

      Epi, li vide kòlè l tankou yon dife+ yo lage nan tant vil Siyon an+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje