-
Ezekyèl 21:19, 20Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
19 “Kanta pou ou menm, pitit lòm, trase de wout kote epe wa Babilòn nan ap pase pou l antre. Toule de wout yo ap soti nan menm peyi a e nan kafou kote wout la ap separe pou al nan de vil yo, ta dwe gen yon siy* ki montre direkyon yo. 20 Youn nan wout w ap trase yo se wout kote epe a ap antre pou l al frape Raba+, vil desandan Amon yo. Lòt wout la se wout kote epe a ap pase pou l al frape Jerizalèm, ki nan Jida, vil ki byen pwoteje a+.
-