BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ezayi 13:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Se poutèt sa, mwen menm, Jewova, Chèf lame yo, m ap fè syèl la tranble

      E m ap fè tè a tranble kòmsi li t ap kite plas li+,

      Paske jou sa a m ap an kòlè e m ap move anpil.

  • Ezayi 13:19
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 19 Epi, Babilòn, wayòm ki gen plis glwa a*+,

      Bèl wayòm ki fè moun Kalde yo fyè a+,

      Ap vin tankou Sodòm ak Gomò lè Bondye te detwi yo a+.

  • Jeremi 50:13
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Poutèt Jewova fache anpil, okenn moun pap rete ladan l+.

      L ap vin vid nèt+.

      Tout moun k ap pase bò kote Babilòn ap kanpe gade, y ap sezi

      E y ap pè akoz tout malè ki rive l yo+.

  • Jeremi 50:39, 40
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 39 Kidonk, se bèt ki viv nan dezè ak bèt ki konn rele k ap viv la,

      Se otrich ki pral viv ladan l+.

      Li pap janm gen moun ki abite ladan l ankò.

      Jenerasyon apre jenerasyon, se pa yon kote moun ap ka rete+.”

      40 “Menm jan sa te ye pou Sodòm ak Gomò ak lòt vil ki te toupre vil sa yo apre m te fin detwi yo+, se konsa sa ap ye pou Babilòn.” Se sa Jewova di. “Pa gen moun k ap rete la, ni pa gen moun k ap vin abite la+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje