BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 28:53-57
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 53 Lè ènmi nou yo ansèkle nou, bagay yo ap tèlman rèd e n ap tèlman nan soufrans, n ap oblije manje pwòp pitit* nou. N ap manje chè pitit gason ak pitit fi+ Jewova, Bondye nou an, ban nou yo.

      54 “Menm gason ki pi dou e ki pi sansib pami nou an pap gen pitye ni pou frè l, ni pou madanm li li renmen, ni pou okenn nan pitit li genyen ki rete yo. 55 Li pap separe chè pitit l ap manje yo ak yo, chè pitit l ap manje akoz li pap gen anyen ki rete tèlman bagay yo ap rèd e tèlman n ap nan soufrans lè ènmi yo ansèkle vil+ nou yo. 56 Menm jan an tou, fi ki pi dou e ki pi sansib pami nou yo, ki pa t ap janm imajine li ta menm met pye l atè tèlman l dou+, pap gen pitye ni pou mari l li renmen, ni pou pitit gason l, ni pou pitit fi l. 57 L ap kache pou l manje ata sak pitit ki soti nan mitan janm li an ansanm ak pitit li fè yo tèlman bagay yo ap rèd e tèlman n ap nan soufrans lè ènmi yo ansèkle vil nou yo.

  • 2 Wa 25:3-7
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Nan nevyèm jou nan katriyèm mwa a+, te vin gen yon gwo grangou nan vil la. Moun nan peyi a pa t ka jwenn manje pou yo manje+. 4 Yo kraze yon pati nan miray vil la+, e se konsa tout sòlda yo te sove nan nuit. Yo te pase nan pòtay ki nan mitan de miray ki te toupre jaden wa a pandan moun Kalde yo te ansèkle vil la toujou. E wa a te pran wout ki mennen Araba a+. 5 Men, lame moun Kalde yo te kouri dèyè l e yo te rive pran l nan dezè Jeriko a. Tout sòlda ki te avè l yo te gaye, yo te sove kite l. 6 Yo pran wa a+, yo mennen l bay wa Babilòn nan nan Ribla, e yo jije l pou yo ba l santans li. 7 Yo touye pitit gason Sedesyas yo devan je l. Apre sa, Nebikadneza pete je Sedesyas, li mare l ak chenn an kuiv, epi li mennen l Babilòn+.

  • Ezayi 3:1
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Paske, gade! vrè Seyè a, Jewova, Chèf lame yo,

      Ap retire tout kalite èd ak tout kalite pwovizyon Jerizalèm ak Jida genyen,

      Tout manje ak tout dlo+,

  • Ezekyèl 4:16
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 16 Epi li di m: “Pitit lòm, m ap fini ak rezèv manje* Jerizalèm nan+. Se ak kè sere moun yo pral peze kantite pen y ap manje+, e se nan laperèz y ap mezire kantite dlo y ap bwè+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje