-
2 Wa 25:13-16Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
13 Moun Kalde yo te kraze poto an kuiv+ ki te nan kay Jewova a, yo te kraze charyo yo+ ak gwo basen an kuiv ki te nan kay Jewova a+, epi yo pote kuiv yo te jwenn nan Babilòn+. 14 Mete sou sa, yo te pran bokit pou mete sann yo*, pèl yo, zouti pou etenn mèch lanp yo, koup yo ak tout lòt veso an kuiv yo te konn itilize nan tanp lan. 15 Chèf gad yo te pran veso pou met chabon dife yo ak bòl yo, ki te fèt ak bon lò+ e ak ajan+. 16 Kanta pou de poto yo, gwo basen an ak tout charyo Salomon te fè pou kay Jewova a, yo pa t ka peze kantite kuiv ki te ladan yo tèlman l te anpil+.
-