-
Jeremi 29:31, 32Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
31 “Voye di tout moun ki ann egzil yo: ‘Men sa Jewova di konsènan Chemaya, moun Neyelam nan: “Piske Chemaya te pwofetize ban nou alòske mwen pa t voye l fè sa, e piske l te eseye fè n kwè nan manti+, 32 enben, men sa Jewova di: ‘Kounye a, m ap pini Chemaya, moun Neyelam nan, ansanm ak desandan l yo. Pa gen yon moun lakay li k ap ret vivan nan mitan pèp la e li pap wè bon bagay mwen pral fè pou pèp mwen an,’ se sa Jewova di, ‘paske l ap pouse moun fè rebèl ak Jewova.’”’”
-