-
Jeremi 21:7Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
7 “‘“E apre sa,” se sa Jewova di, “m ap pran Sedesyas, wa Jida a, sèvitè l yo ak rès moun ki nan vil la ki pa t mouri anba maladi a, anba kout epe oswa anba gwo grangou a, m ap lage yo nan men Nebikadneza*, wa Babilòn nan, m ap lage yo nan men ènmi yo, nan men moun k ap chèche detwi lavi yo*+. L ap touye yo ak kout epe. Li pap gen pitye pou yo, li pap gen okenn konpasyon ni okenn mizèrikòd pou yo+.”’
-
-
Ezekyèl 5:11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
11 “Men sa Jewova, Seyè ki Souvren an, di: ‘Kidonk, menm jan li klè mwen vivan, mwen fè sèman, piske nou te derespekte kote mwen genyen ki sakre a ak zidòl nou yo, yon seri zidòl ki bay degoutans, e ak move bagay nou t ap fè yo+, mwen menm tou, m ap voye nou jete*, mwen pap gen pitye pou nou e mwen pap gen konpasyon pou nou+.
-