-
Ezayi 61:2, 3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
2 Li voye m pou m fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a
Ak jou vanjans Bondye nou an+,
Pou m konsole tout moun ki nan lapenn+,
3 Pou m bay moun ki nan lapenn pou Siyon yo sa yo bezwen,
Pou m ba yo yon foula pou yo met sou tèt yo nan plas sann dife,
Pou m ba yo luil yon fason pou yo ka gen kè kontan olye yo nan lapenn
E pou m ba yo yon rad yo ka mete pou yo fè louwanj pou mwen olye yo kite tristès anvayi yo.
Epi, moun ap rele yo gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat,
Jaden Jewova plante, pou l ka jwenn glwa+.
-
-
Matye 11:28Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
28 Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs.
-