-
Lik 6:47-49Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
47 Nenpòt moun ki vin jwenn mwen, ki tande pawòl mwen e ki fè sa m di, mwen pral montre nou ak kiyès li sanble+: 48 Li sanble ak yon moun k ap bati yon kay, ki fouye fon pou l fè fondasyon kay la sou wòch karyann. Konsa, lè gen inondasyon, rivyè desann, dlo frape kay la, men, dlo a pa fò ase pou l souke l, paske li te byen bati+. 49 Yon lòt bò, yon moun ki tande pawòl mwen, men ki pa fè anyen+, li sanble ak yon moun ki bati kay li sou tè, san li pa fè fondasyon. Lè dlo rivyè a frape kay la, menm kote a, kay la tonbe e li kraze nèt.”
-