-
Egzòd 31:15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
15 N ap ka travay pandan sis jou, men setyèm jou a se yon jou saba, e nou dwe repoze nou nèt+. Se yon jou ki apa pou Jewova. Se pou nou touye nenpòt moun ki travay nan jou saba a.
-
-
Detewonòm 5:14Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
14 Men, setyèm jou a se yon jou saba pou Jewova, Bondye nou an+. Nou pa dwe fè okenn travay+, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni gason ki esklav nou, ni fi ki esklav nou, ni towo bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèt nou genyen lakay nou, ni etranje k ap viv nan vil*+ nou yo, yon fason pou gason ki esklav nou yo ak fi ki esklav nou yo ka repoze menm jan ak nou+.
-