-
Mak 3:1-6Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
3 Yon lòt fwa ankò, li antre nan yon sinagòg, e gen yon mesye ki gen yon men pòk* ki te la+. 2 Epi, Farizyen yo t ap suiv li pou yo wè si l ap geri mesye a jou saba a pou yo ka akize l. 3 Li di mesye ki gen men pòk la*: “Leve, vin nan mitan nou.” 4 Apre sa, li di yo: “Èske jou saba yon moun gen dwa fè sa ki bon oubyen li gen dwa fè sa ki pa bon? Èske l gen dwa sove yon vi* oubyen touye l+?” Yo pa reponn. 5 Apre l fin gade yo tout avèk endiyasyon, li vin tris anpil lè l wè jan kè yo di+. Epi, li di mesye a: “Lonje men w.” Mesye a lonje men l, e men an geri. 6 Lè sa a, Farizyen yo sot deyò, e tousuit yo met tèt yo ansanm ak patizan Ewòd yo+ pou yo touye l.
-
-
Lik 6:6-11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Yon lòt jou saba+, li antre nan sinagòg la e li kòmanse anseye. Gen yon mesye ki te la ki te gen men dwat li pòk*+. 7 Espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo t ap suiv Jezi pou yo wè si l ap geri mesye a jou saba a, pou yo ka jwenn yon rezon pou yo akize l. 8 Men, li menm, li te konnen rezònman yo t ap fè+, epoutan, li di mesye ki gen men l pòk la*: “Leve, vin kanpe nan mitan nou.” Epi, mesye a leve, li vin kanpe. 9 Apre sa, Jezi di yo: “Ban m mande nou yon bagay: Èske jou saba yon moun gen dwa fè byen oubyen l gen dwa fè mal? Èske l gen dwa sove yon vi* oubyen detwi l+?” 10 Apre l fin gade yo tout, li di mesye a: “Lonje men w.” Mesye a fè sa vre, epi men an geri. 11 Lè sa a, yo vin move anpil e yo kòmanse pale youn ak lòt pou yo konnen sa pou yo fè ak Jezi.
-