BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 8:1-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 8 Nan jou sa yo, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble ankò, e yo pa t gen anyen pou yo manje. Se sa k fè li rele disip li yo, li di yo: 2 “Mwen gen pitye pou foul moun yo+, paske sa deja fè twa jou depi yo la avè m, e yo pa gen anyen pou yo manje+. 3 Si mwen voye yo al lakay yo tou grangou*, y ap tonbe feblès nan wout la. Paske, gen kèk ladan yo ki soti byen lwen.” 4 Men, disip li yo reponn li: “Nan zòn izole sa a, ki kote yon moun ap jwenn ase pen pou l bay moun sa yo manje vant plen?” 5 Lè sa a, li mande yo: “Konbyen pen nou gen la a?” Yo di: “Sèt pen+.” 6 Epi, li mande foul moun yo pou yo chita atè. Li pran sèt pen yo, li di Bondye mèsi, li kase yo, li kòmanse bay disip li yo pou yo sèvi moun yo, e yo sèvi foul moun yo pen yo+. 7 Yo te gen kèk ti pwason tou, e lè l fin priye sou yo, li di disip li yo pou yo sèvi yo tou. 8 Epi, moun yo manje vant plen, e disip yo plen sèt gwo pànye* ak rès ki te rete yo+. 9 Twouve, te gen anviwon 4 000 gason ki te la. Apre sa, li voye yo ale.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje