BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 9:33-37
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 33 Epi, yo rive Kapènawòm. Lè l rive anndan yon kay, li mande yo: “Sou ki sa nou t ap diskite sou wout la+?” 34 Yo ret an silans, paske pandan yo te sou wout la, yo t ap diskite pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan. 35 Lè sa a, li chita e li rele 12 apot yo, li di yo: “Si yon moun vle pou se li ki pi enpòtan, li dwe vin moun ki gen mwens enpòtans lan e li dwe sèvi tout moun+.” 36 Epi, li pran yon timoun piti, li mete l kanpe nan mitan yo, li pase bra l nan kou l e li di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa youn nan timoun sa yo+ poutèt non mwen, se mwen li resevwa tou. E moun ki resevwa m, se pa mwen sèlman li resevwa, men li resevwa Sila a ki voye m nan tou+.”

  • Lik 9:46-48
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 46 Apre sa, yo vin ap diskite youn ak lòt pou yo konnen kiyès nan yo ki te pi enpòtan+. 47 Etandone Jezi te konnen rezònman ki nan kè yo, li pran yon timoun piti, li fè l kanpe bò kote l, 48 epi li di yo: “Nenpòt moun ki resevwa tipitit sa a poutèt non mwen, se mwen li resevwa tou, e nenpòt moun ki resevwa m resevwa Sila a ki voye m nan tou+. Paske, yon moun ki aji tankou moun ki gen mwens enpòtans pami nou tout, se li ki enpòtan+.”

  • Lik 22:24
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 24 Twouve, yo te pete yon gwo diskisyon tou pou yo konnen kiyès nan yo ki pi enpòtan+.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje