BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • 1 Wa 1:38
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 38 Apre sa, Zadòk ki prèt la, pwofèt Natan, Benaya+ ki pitit gason Jewoyada a, Keretit yo ak Peletit yo+ desann, yo fè Salomon monte sou milèt wa David la+ epi yo mennen l Giyon+.

  • 1 Wa 1:40
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 40 Annapre, tout pèp la monte dèyè l. Yo t ap suiv li, yo t ap jwe flit e yo te kontan anpil. Yo te tèlman ap fè bri, tè a t ap tranble+.

  • Mak 11:7-11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 7 Yo mennen ti bourik la+ bay Jezi, yo mete rad yo sou do ti bourik la, epi Jezi chita sou li+. 8 Epitou, anpil moun te ouvè rad yo atè sou wout la, men gen lòt ki koupe branch bwa bò wout la e yo depoze yo atè a+. 9 Epi, moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo t ap di byen fò: “N ap priye w, Bondye, sove l+! Benediksyon pou moun ki vini nan non Jewova* a+! 10 Benediksyon pou Wayòm k ap vini an, Wayòm David, papa nou an+! N ap priye w, Bondye, sove l, ou menm ki anwo nan syèl la!” 11 Epi, li antre Jerizalèm, l al nan tanp lan. Li gade toutotou li, men kòm li te fin ta, li soti l al Betani avèk 12 apot yo+.

  • Jan 12:14, 15
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 14 Lè Jezi vin jwenn yon ti bourik, li chita sou li+, jan sa te ekri a. Men sa ki ekri: 15 “Vil Siyon*, ou pa bezwen pè. Gade! Wa w la ap vini, li chita sou yon ti bourik, wi, sou pitit yon manman bourik+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje