BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 11:27-33
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 27 Yo rive Jerizalèm ankò. Pandan l ap mache nan lakou tanp lan, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo ak ansyen yo vini, 28 epi yo di l: “Kote w jwenn otorite pou w fè bagay sa yo? Kiyès ki ba w otorite sa a+?” 29 Jezi di yo: “M ap poze nou yon sèl kesyon. Reponn mwen, epitou m ap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo. 30 Ki kote Jan te jwenn otorite pou l batize moun+? Nan men Bondye* oswa nan men lèzòm? Reponn mwen+.” 31 Men, yo kòmanse rezone youn ak lòt, yo di: “Si nou di: ‘Nan men Bondye’, l ap di: ‘Si se sa, poukisa nou pa t kwè nan li?’ 32 Men, èske nou ka pran chans di: ‘Nan men lèzòm’?” Yo te pè foul la, paske tout foul la te kwè Jan se te yon pwofèt toutbon+. 33 Se sa k fè yo reponn Jezi, yo di: “Nou pa konnen.” Epi, Jezi di yo: “Mwen menm tou, mwen pap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”

  • Lik 20:1-8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Nan youn nan jou sa yo, pandan li t ap anseye pèp la nan tanp lan e li t ap anonse yo bon nouvèl la, prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo ansanm ak ansyen yo vini 2 epi yo di l: “Di nou ki kote w jwenn otorite pou w fè bagay sa yo? Oubyen kiyès ki ba w otorite sa a+?” 3 Li reponn yo: “Mwen menm tou, m ap poze nou yon kesyon. Di m non: 4 Ki kote Jan te jwenn otorite pou l batize moun? Nan men Bondye* oswa nan men lèzòm?” 5 Lè sa a, yo rezone youn ak lòt, yo di: “Si nou di: ‘Nan men Bondye’, l ap di: ‘Poukisa nou pa t kwè nan li?’ 6 Men, si nou di: ‘Nan men lèzòm’, tout pèp la pral touye nou ak kout wòch, paske yo kwè Jan te yon pwofèt+.” 7 Se sa k fè yo reponn li yo pa konnen kote l te jwenn li. 8 Jezi di yo: “Mwen menm tou, mwen pap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje