BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 12:13-17
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 13 Apre sa, yo voye kèk Farizyen ansanm ak kèk patizan Ewòd kote l pou yo pran l nan pyèj nan sa l ap di+. 14 Lè yo rive, yo di l: “Anseyan, nou konnen ou toujou di laverite e ou pap chèche favè nan men moun, paske ou pa gad moun sou aparans, men ou anseye chemen Bondye a ann amoni ak laverite. Èske yon moun dwe peye enpo Seza egzije pou chak moun peye a, oubyen èske l pa dwe peye l? 15 Èske nou dwe peye, oswa èske nou pa dwe peye?” Kòm li te wè ipokrizi yo gen lakay yo, li di yo: “Poukisa n ap teste m? Pote yon denye* ban m wè.” 16 Yo pote youn ba li, e li di yo: “Pòtre kiyès ak non kiyès ki sou li?” Yo di l: “Seza.” 17 Apre sa, Jezi di: “Bay Seza sa k pou Seza+, men bay Bondye sa k pou Bondye+.” E yo te sezi tande sa l te di a.

  • Lik 20:20-26
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 20 Apre yo fin suiv li byen suiv, yo peye yon seri mesye an kachèt pou pran pòz yo se moun ki jis, epi yo voye yo kote l pou yo ka pran l nan pyèj nan sa l ap di+. Konsa, yo t ap tou livre l bay otorite yo, e bay gouvènè a*. 21 Se sa k fè mesye yo voye yo di l: “Anseyan, nou konnen ou pale sa ki verite, ou anseye sa ki verite, epi ou pa nan patipri, men ou anseye chemen Bondye a ann amoni ak laverite. 22 Di nou non: Èske yon moun dwe peye enpo Seza egzije pou chak moun peye a, oubyen èske l pa dwe peye l?” 23 Men, li wè se nan pyèj yo vle pran l. Donk, li di yo: 24 “Montre m yon denye*. Pòtre kiyès ak non kiyès ki sou li la a?” Yo di l: “Seza.” 25 Li di yo: “Ebyen, san mank, bay Seza sa k pou Seza+, men bay Bondye sa k pou Bondye+.” 26 Konsa, yo pa t ka pran l nan pyèj ak pawòl sa a devan pèp la, e yo te tèlman sezi pou repons li te ba yo a, yo pa di anyen ankò.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje