-
Mak 12:24-27Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
24 Jezi di yo: “Nou konn sa k fè nou nan erè? Se paske nou pa konnen ni Ekriti yo ni pisans Bondye+. 25 Paske lè moun yo ap leve sot nan lanmò, ni gason ni fi pap marye, men y ap tankou zanj nan syèl la+. 26 Epitou, konsènan mò yo ki gen pou leve a, èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan istwa sou ti pye pikan ki t ap boule a, sa Bondye te di l: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb+’? 27 Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan. Nou nan erè anpil+.”
-