-
Mak 12:35-37Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
35 Men, pandan Jezi te kontinye ap anseye nan tanp lan, li mande: “Kòman espè nan Lalwa yo fè di Kris la se pitit David+? 36 David li menm te di, e se lespri sen+ ki te pouse l di sa: ‘Jewova* di Seyè m nan: “Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w+.”’ 37 David li menm rele l Seyè, donk, kòman l fè pitit li+?”
Lè sa a, gen yon gwo foul moun ki t ap tande l avèk plezi.
-