BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Mak 14:3-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Epi, pandan l te Betani, li t ap manje* lakay Simon ki te gen lèp la, gen yon dam ki vini ak yon boutèy ann albat ki gen yon luil santi bon ki koute chè anpil, yon bon na*. Li ouvè boutèy la, epi li kòmanse vide luil la sou tèt Jezi+. 4 Lè sa a, gen kèk moun ki te fache, e youn t ap di lòt: “Poukisa y ap gaspiye luil santi bon an? 5 Paske yo te ka vann luil santi bon sa a pou plis pase 300 denye*, epi yo bay pòv kòb la.” Se pa ti fache yo te fache sou* dam nan! 6 Men, Jezi di: “Kite dam nan trankil. Poukisa nou vle ba l pwoblèm? Se yon bon aksyon li fè pou mwen+. 7 Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou+ e n ap toujou ka fè byen pou yo nenpòt lè nou vle. Men, nou pap toujou genyen m avèk nou+. 8 Li fè sa l kapab. Li vide luil santi bon sou kò m davans, pou l prepare m pou antèman m+. 9 Anverite m ap di nou sa: Tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a+, y ap pale de sa dam sa a fè a tou, e sa ap fè yo toujou sonje l+.”

  • Jan 12:1-8
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi rive Betani kote Laza+ te ye a, mesye Jezi te leve sot nan lanmò a. 2 Epi, yo fè yon soupe pou li. Mat t ap sèvi moun yo+, e Laza te pami moun ki t ap manje* avè l yo. 3 Lè sa a, Mari pran yon liv* luil santi bon ki koute chè anpil, yon bon na*, li vide l sou pye Jezi e li siye yo ak cheve l. Sant luil santi bon an te anbonmen kay la+. 4 Men, Jida Iskaryòt+, youn nan disip li yo, li menm ki t apral trayi l la, di konsa: 5 “Poukisa yo pa t vann luil santi bon sa a pou 300 denye*, epi yo bay pòv kòb la?” 6 Li pa t di sa paske li te gen sousi pou pòv yo, men se paske li te yon vòlè ki fè l te di sa. Se li ki te responsab kès lajan an e li te konn abitye vòlè lajan yo te konn met ladan l. 7 Apre sa, Jezi di: “Kite dam nan trankil pou l ka suiv koutim sa a pou jou antèman m+. 8 Paske, n ap toujou gen pòv yo avèk nou+, men nou pap toujou genyen m avèk nou+.”

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje