-
Matye 14:6-12Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
6 Twouve, pandan yo t ap fete anivèsè nesans Ewòd+, pitit fi Ewodyad la te danse nan fèt la. Li te tèlman fè Ewòd plezi+, 7 Ewòd fè sèman l ap ba l nenpòt sa l mande. 8 Epi, demwazèl la koute konsèy manman l, li di: “Ban m tèt Jan ki konn batize moun nan la a nan yon plato+.” 9 Malgre sa te fè wa a lapenn, li bay lòd pou yo ba l tèt Jan, akoz sèman li te fè a e akoz envite* yo. 10 Se konsa, li voye koupe tèt Jan nan prizon an. 11 Yo pote tèt la nan yon plato bay demwazèl la, e li pote l bay manman l. 12 Annapre, disip Jan yo vini, yo pran kadav la, y al antere l. Epi, y al bay Jezi nouvèl la.
-