-
Matye 16:1-3Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
16 Farizyen yo ak Sadiseyen yo pwoche kote l, epi pou yo ka teste l, yo mande l pou l fè yo wè yon siy ki sot nan syèl la+. 2 Men sa l reponn yo: “Lè aswè rive, nou di: ‘Tan an ap bèl, paske syèl la wouj kou dife.’ 3 E nan maten, nou di: ‘Jodi a l ap fè frèt e l ap fè lapli, paske syèl la wouj kou dife, men li sonm.’ Nou konn ki jan pou nou entèprete fason syèl la ye, men nou pa ka entèprete siy tan yo.
-