21 Se depi lè sa a Jezi kòmanse ap esplike disip li yo fòk l al Jerizalèm, fòk li sibi anpil bagay anba men ansyen yo, anba men prèt an chèf yo ak espè nan Lalwa yo, e yo gen pou yo touye l, men sou twazyèm jou a li gen pou l leve+.
22 Pandan yo te rasanble nan Galile, Jezi di yo: “Yo gen pou yo trayi Pitit lòm nan, pou yo livre l nan men lèzòm+, 23 e y ap touye l, epi sou twazyèm jou a Bondye ap leve l+.” Sa te fè yo tris anpil.