13 Paske, rive jis nan epòk Jan an, ni pawòl pwofèt yo te ekri yo ni Lalwa*, yo tout te anonse sa k gen pou rive+. 14 E kit nou vle kwè sa, kit nou pa vle kwè sa, se li menm ki ‘Eli ki te gen pou vini an+’.
13 Men, zanj lan di l: “Ou pa bezwen pè, Zakari, paske Bondye tande siplikasyon w yo. Elizabèt, madanm ou, ap fè yon pitit gason pou ou. Ou dwe rele l Jan+.
17 Epitou, l ap mache devan Bondye avèk menm lespri e avèk menm pisans Eli te genyen an+, pou l fè kè papa yo vin menm jan ak kè timoun yo+, pou l fè moun ki dezobeyisan yo vin gen sajès* moun ki jis yo genyen, dekwa pou l prepare yon pèp pou Jewova*+.”