-
Mak 1:23-25Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 Menm moman an, gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon movèzespri sou li ki di byen fò: 24 “Ki rapò nou gen avè w, Jezi, moun Nazarèt+? Èske w vini pou w detwi nou? Mwen konnen trè byen kiyès ou ye, ou se Sila a ki sen Bondye voye a+!” 25 Men, Jezi pale di avè l, li di l: “Pe bouch ou! Sot sou mesye a!”
-
-
Lik 4:34, 35Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
34 “O! Ki rapò nou gen avè w, Jezi, moun Nazarèt+? Èske w vini pou w detwi nou? Mwen konnen trè byen kiyès ou ye, ou se Sila a ki sen Bondye voye a+.” 35 Men, Jezi pale di avè l, li di l: “Pe bouch ou. Sot sou mesye a!” Epi, demon an lage mesye a atè nan mitan moun yo, e li sot sou li san l pa fè l anyen.
-