30 Apre sa, siy Pitit lòm nan pral parèt nan syèl la, epi, tout nasyon* sou tè a pral frape lestomak yo tèlman y ap tris+, e yo pral wè Pitit lòm nan+ k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa+.
64 Jezi di l: “Se ou menm ki di l. Men, m ap di nou sa: Apati kounye a, nou pral wè Pitit lòm nan+ ki chita adwat Sila a ki gen pisans lan+, e l ap vini sou nyaj ki nan syèl la+.”
7 Gade! L ap vini nan mitan nyaj yo+. Tout je ap wè l, ni moun ki te pèse l yo. Tout nasyon* sou tè a pral frape lestomak yo poutèt chagren y ap genyen akoz li+. Wi, amèn.