3 Gen vwa yon moun k ap di byen fò nan dezè a:
“Prepare wout la pou Jewova+!
Fè yon gwo wout byen dwat+ nan dezè a pou Bondye nou an+.
4 Se pou yo leve tout vale met byen wo,
E se pou yo fè tout gwo mòn ak tout ti mòn vin byen ba.
Tè ki gen douk la dwe vin swa,
E tè ki gen bit la dwe vin yon plèn ki byen plat+.
5 Moun ap fè konnen glwa Jewova+,
E tout moun ansanm ap wè glwa l+.
Paske, se Jewova ki di sa ak bouch li.”