-
Matye 23:23, 24Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
23 “Malè pou nou, espè nan Lalwa ak Farizyen, bann ipokrit! paske n ap bay yon dizyèm nan mant, nan lanni+ ak nan tout kalite grenn epis* nou rekòlte, men nou neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis+, mizèrikòd+ ak fidelite. Se bagay sa yo pou nou te fè, san nou pa neglije lòt bagay yo+. 24 Bann gid je pete+! N ap koule sa n ap bwè pou nou pa bwè yon moustik+, men n ap vale yon chamo+.
-