-
Matye 27:22-26Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
22 Pilat di yo: “Ebyen, ki sa m dwe fè ak Jezi, sila a yo rele Kris la?” Yo tout di: “Mete l sou yon poto!*+” 23 Li di: “Poukisa? Ki mal li fè?” Men, yo kontinye rele pi fò: “Mete l sou yon poto+!”
24 Lè Pilat wè sa pa itil anyen, okontrè, sa fè moun yo fè plis eskandal toujou, li pran dlo, li lave men l devan foul la, li di: “Mwen inosan nan lanmò* mesye sa a. Se nou ki responsab san l.” 25 Lè moun yo tande sa, yo tout reponn: “Se pou san l vin sou nou ak sou pitit nou+.” 26 Apre sa, Pilat lage Barabas pou yo, men li fè bat Jezi+, e li remèt li pou yo kloure l sou yon poto pou l mouri+.
-
-
Mak 15:12-15Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
12 Pilat reponn yo ankò, li di: “Ebyen, ki sa m dwe fè ak moun nou rele Wa Juif yo+?” 13 Yo rele ankò: “Mete l sou yon poto!*+” 14 Men, Pilat di yo: “Poukisa? Ki mal li fè?” Men, yo kontinye rele pi fò: “Mete l sou yon poto!*+” 15 Lè Pilat tande sa, kòm li te vle bay foul la satisfaksyon, li lage Barabas pou yo, e apre l fin fè bat Jezi+, li remèt li pou yo kloure l sou yon poto pou l mouri+.
-