BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Detewonòm 12:5, 6
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 5 Olye de sa, kèlkeswa kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa, kèlkeswa kote l ap abite nan mitan tout tribi nou yo, se la pou n al sèvi l+. 6 Se kote sa a pou nou pote sakrifis n ap boule nèt yo+, lòt sakrifis nou yo, dizyèm*+ nou yo, kontribisyon nou yo+, ofrann ki gen rapò ak ve nou fè yo, ofrann kè nou pouse nou fè yo+, premye pitit bèf nou yo ak premye pitit mouton nou yo+.

  • 1 Wa 9:3
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 3 Jewova di l: “Mwen te tande priyè w te fè devan m nan kote w te mande pou m fè w favè a. Mwen mete kay sa a ou bati a apa pou mwen e non m ap toujou makònen avè l+. Je m ap toujou sou li e l ap toujou nan kè m+.

  • 2 Kwonik 7:12
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 12 Annapre, pandan nuit lan, Jewova fè Salomon wè l+ nan yon rèv e li di l: “Mwen te tande priyè w te fè a, e mwen chwazi kay sa a kòm kote pou yo fè sakrifis pou mwen+.

  • Sòm 122:pawòl ki anlè tèt-9
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • Yon chante pou moun k ap monte yo. Se David ki te ekri l.

      122 Mwen te kontan lè yo te di m:

      “Ann al lakay Jewova+.”

       2 Kounye a, nou kanpe

      Anndan pòtay ou yo, o Jerizalèm+.

       3 Jerizalèm se yon vil ki fè yon sèl,

      Kote konstriksyon yo kole kole youn ak lòt+.

       4 Tribi yo, wi, tribi Ja* yo

      Monte nan vil la

      Pou yo ka fè louwanj pou non Jewova+,

      Jan Lalwa li bay Izrayèl la mande sa.

       5 Paske, se nan vil la twòn jij yo ye+,

      Twòn desandan David yo+.

       6 Priye pou Jerizalèm ka gen lapè+.

      Moun ki renmen w yo ap an sekirite, o Jerizalèm.

       7 Se pou toujou gen lapè anndan miray ou yo ki byen solid,

      Se pou tout moun ki abite nan fòtrès ou yo toujou santi yo an sekirite.

       8 Poutèt frè m yo ak zanmi m yo, m ap di:

      “Se pou gen lapè nan mitan w.”

       9 Poutèt kay Jewova, Bondye nou an+,

      M ap chèche bon bagay pou ou.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje