BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jan 2:1-11
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
    • 2 Twouve, de jou apre, gen yon resepsyon maryaj ki t ap fèt Kana, nan Galile, e manman Jezi te la. 2 Yo te envite Jezi ak disip li yo nan resepsyon maryaj la tou.

      3 Lè diven an fini, manman Jezi di l: “Yo pa gen diven ankò.” 4 Men, Jezi di l: “Madanm, ki sa mwen menm avè w gen pou n wè nan sa? Lè m poko rive.” 5 Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè tout sa l di nou.” 6 Twouve, te gen sis ja an wòch pou met dlo, jan règ sou pirifikasyon Juif yo te genyen yo te egzije sa+, e yo chak te ka kenbe de oswa twa mezi dlo*. 7 Jezi di yo: “Plen ja yo dlo.” Epi, yo plen yo ra bouch. 8 Apre sa, li di yo: “Kounye a, pran enpe pot bay moun k ap dirije resepsyon an.” Vrèmanvre, yo fè sa. 9 Lè moun k ap dirije resepsyon an goute dlo ki te tounen diven an, li pa t konnen kote l te soti (alòske moun ki t ap sèvi yo ki te pran dlo a te konnen), li rele lemarye, 10 li di l: “Tout lòt moun mete bon diven an deyò anvan, e lè moun yo sou, yo mete diven ki pa fin bon an deyò. Men ou menm, ou sere pi bon diven an pou jis kounye a.” 11 Jezi te fè mirak* sa a nan Kana, nan Galile. Se te premye mirak li. Li te fè pouvwa l parèt aklè+, e disip li yo te mete lafwa nan li.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje