9 Tout moun te wè l k ap mache e k ap louwe Bondye. 10 Epi, yo vin wè kiyès li ye, yo wè se mesye ki te konn chita ap mande charite nan pòtay tanp lan, pòtay ki rele Bèl la+. Se pa ti sezi yo te sezi lè yo wè sa k te rive mesye a, e se pa ti kontan yo te kontan!