-
Detewonòm 16:9-11Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 “N ap konte sèt semèn. N ap kòmanse konte sèt semèn yo nan dat nou kòmanse mete sèpèt nan pye danre nou yo pou nou rekòlte yo+. 10 Epi, n ap selebre fèt Semèn yo pou Jewova, Bondye nou an+. N ap fè ofrann kè nou pouse nou fè dapre jan Jewova, Bondye nou an, beni nou+. 11 Ni nou menm, ni pitit gason nou yo, ni pitit fi nou yo, ni gason ki esklav nou yo, ni fi ki esklav nou yo, ni Levit k ap viv anndan vil* nou yo, ni etranje yo, ni timoun ki pa gen papa* yo, ni vèv yo ki nan mitan nou dwe rejwi devan Jewova, Bondye nou an, kote Jewova, Bondye nou an, chwazi pou nou bay non l glwa a+.
-