-
1 Pyè 2:9, 10Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
9 Men nou menm, nou se “yon ras yo chwazi, yon klas prèt k ap sèvi kòm wa, yon nasyon ki sen+, yon pèp ki vin yon byen espesyal+, dekwa pou nou fè konnen kalite estrawòdinè*+” Sila a ki te rele nou sot nan fènwa a pou nou vin nan bèl limyè l la+. 10 Paske, te gen yon lè nou pa t yon pèp, men kounye a, nou se pèp Bondye+. Te gen yon lè yo pa t fè nou mizèrikòd, men kounye a, yo fè nou mizèrikòd+.
-