-
Travay 9:39, 40Labib — Tradiksyon monn nouvo a
-
-
39 Lè Pyè tande sa, li leve l ale avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanmòt la. Tout vèv yo parèt devan l, y ap kriye e y ap montre l anpil manto ak anpil lòt rad Dòkas te fè pou yo lè l te la avèk yo. 40 Lè sa a, Pyè fè tout moun soti+, li met ajenou, li priye. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di: “Tabita, leve!” Tabita ouvè je l, e lè l wè Pyè, li leve chita+.
-