30 Tout vil la te tèt anba, moun t ap kouri vin rasanble. Yo met men sou Pòl, epi yo trennen l met pa deyò tanp lan. Menm kote a, yo fèmen pòtay tanp lan. 31 Pandan yo t ap chèche touye l, gen moun ki pot nouvèl bay kòmandan batayon an pou fè l konnen tout Jerizalèm tèt anba.